Loading home…
"PHOENIX" se yon bèl koleksyon ki gen 7 kreyasyon mizikal ki met an valè talan, estil ak enèji inik Tafa Mi-Soleil. Atis la pwopoze yon melanj enteresan ak inovasyon nan sonorite; ladan nou jwenn yon inivè ki ofri esperyans ak emosyon ki eksepsyonèl, kote li jwe ak mizik "rasin" ayisyen an, mizik eletwonik, afrobeat, ak lòt tandans ki jwenn orijin yo nan Karayib la. EP sa a reprezante yon viraj desizif nan karyè Tafa Mi-Soleil, nan volonte li ak anbisyon li pou kontribye nan siksè mizik ak kilti ayisyen nan tout mond lan.